top of page
portada metodo ponseti.png

Enfòmasyon pou Paran yo

Enfòmasyon pou Paran yo

descarga.png

KI SA KI PYE BO A?

Pye bo se yon maladi  ou byen yon defomasyon ke yo jwenn lakay timoun ki fenk fet, kote  pil zo ki pou fome epi sitiye pye a, yo mal fome, yo mal chita, kote pye timoun nan vire pa andan epi li panche pa deye.

Koz maladi sa oubyen defomasyon sa li enkoni, se yon maladi ki  ra ampil, epi li plis devlope lakay ti gason ke ti fi. li pa pwodwi a koz yon bagay paran yo te konn fe, oubyen yo pa fe anko.  yo pa gen ankenn rezon pou yo santi yo koupab si yon timoun ta fet ak maladi sa. Posibilite ki genyen pou yon paran ta gen yon dezyem timoun ki fet ak maladi sa li minim ampil ampil.

PHOTO-2020-04-30-12-57-02.jpg
Yon paran ki gen yon timoun ki fet ak maladi sa kapab asire  yo ke timoun sa ka trete pa yon ekspe e le li fin trete li pap genyen ankenn defomasyon ou byen ankenn ankikap kote lap menm Jan ak yon timoun ki fet nomal

ESKE GEN TRETMAN POU LI?

KILE YO KA KOMANSE AK TRETMAN AN?

Wi nan ampil ka kote timoun ki fet ak maldi sa ki se pye bo a , se ka ki ka trete oubyen ki ka korije depi le timoun nan piti pandan li gen 6 a 8 semenn, depan de ka ki prezante a, pandan yap mete plizye plak ki ka korije defomasyon an. Avan sa nan ampil ka yo te konn reyalize yon pwosedi ki rele Tenotomi epi apre yon konn fe timoun nan itilize yon ti bot pou li mete nan nwit.

Avek ako paran yo epi avek ampil rekomandasyon medsen yo , gen plis pase 95 pou san (95%) ka ki trete

Nomalman tretman an  ka komanse nan premye mwa ke timoun nan fet la, sa vle di yo ta dwe fe tretman pou timoun nan pi bone paske zo timoun nan pi mou, oubyen materyel ki relye zo youn ak lot la, oubyen eleman ki sitiye ant zo yo ki sitiye zo yo youn ak lot la pi elastik  esa ka pemet timoun nan geri pi vit.  Men tou metod sa efikas lakay timoun ki pi gran yo e menm pou granmoun yo tou, se yon bagay ki ka fet ak tout laj.

KIJAN METOD SA FONKSYONE?

Avek metod ponseti a estrikti yo tire avek mannev ki tre dous chak semen epi yo asosye li kote yo mete yon plak pou kembe li epi korije li. Avek sa zo ki deplase yo , yo alinye yo nan fason ki korek e pye a komanse pran  aspe nomal li gradyelman.

"Los padres de los niños nacidos con PEV pueden estar seguros de que su bebé, tratado por manos expertas, tendrá pies de apariencia y función adecuadas. El PEV bien tratado no genera ninguna discapacidad y es totalmente compatible con la normalidad"
ponseti%20photo.jpg
ETAP 1
ETAP 2

Avan yo dwe mete yon plak ki soti depi nan zotey pye timoun nan jiskaske li rive nan kwis Ii. Sa dwe repete chak semen e pandan 5 a 7 fwa sifi. Poutan gen ka kote timoun nan ka mande plis manipilasyon avek plak  oubyen yon tretman ki pi long.

Apre tou mannev sa yo , nan ampil ka ampil mfwa li mande pou yo reyalize yon pwosedi deye talon pye timoun nan oubyen nan venn ki nan deye talon pye timoun nan, nan mitan, kote yo ka fe yon ti fann li ak yon nivo de 5 milimet. Sa ka reyalize avek anestezi general kote timoun sa yap domi li ,  oubyen  tou yon anestezi lokal ki vle di timoun nan pap domi nan moman yap opere li a, selman yap jis elimine doule nan pati kote yap opere li a. men tout sa yo dwe fet  avan yo mete denye plak la.

ETAP 3

Apre yo fin retire denye plak la yo dwe itlize botin pou yon tan komple epi apre yap metel selman lan nwit pandan 4 a 5 lane

Kijan ou dwe pran swen plak la?

PHOTO-2020-04-30-13-00-51.jpg
Paso 1

Yo dwe verifye sikilasyon ak tamperati koule dwet yo, ( yo ta dwe gen yon ti koule ki woz) chak tan  pandan 6 premye ed tan yo apre yo fin mete plak la epi apre 4 fwa  nan jounen an. Yo sipoze pese ti dwet yo pou yo we koman yo ye, eske yo nwa, si yo fret oubyen tou si yo pase de koule blan ak koule woz, plak la ka tres sere. Si yon ka konsa ta rive  paran timoun s ata sipoze we yon medsen oubyen kouru nan sant ijans ki pi pre li a.

yesos2.jpg
Paso 2

Nou dwe gade relasyon ki genye  ant pwent dwet yo avek bo plak la. Si ti dwet yo nta mou oubyen tou rechofe nan plak la se paske plak la ta fe yon ti glise. Sa ka kreye yon zon de presyon nan po timoun nan. Fok yo ta chache imedyatman yon ortopedis oubyen tou yon moun ki gen konesans nan domenn nan pou dil sa ki pase a.

pañal.png
Paso 3

Nou sipoze kembe plak la pwop epi sek . an ka ou li ta sal li ka pwopte ak yon ti twal ki lejeman imid.

pie en altura.png
Paso 4

Loske timoun nan kouche mete yon ti zorye anba kote plak la kom sipo konsa wap evite yon zon de presyon ki ka koze yon ilse

IMG_9009.JPG
Paso 5

Fok nou toujou prevni si plak la sal pou chanje kouchet sou timoun nan pi souvan. Fok nou evite tout kontak ant plak la ak kouchet la pou pipi oubyen twalet.

feliz.png
Paso 6

Tretman sa pa dwe pwodwi doule , an  ka ou pasyan an ta santi doule li dwe we yon dokte.

OU TA DWE VIZITE YON DOKTE OUBYEN ALE NAN YON SEVIS IJANS SI YOUN NAN KA SA YO TA PREZANTE:

  • Si ou ta remake gen move sant oubyen pij  ta soti andan plak la.

  • Si Ou ta remake po timoun nan oubyen arebo plak ki nan pye timoun nan ta paret wouj ou di mwens ta gen blesi

  • Si o uta we san pa sikile ou byen tou o uta we ´pye timounn nan gen yon koule ki diferan ak pa timoun fokm paran timoun nan ta we dokte.

  • Si  plak la ta chanje pozisyon oubyen li pa rete nan espas li dwe ye a

  • Si timoun nan ap plenyen de doule, oubyen tou sil gen fyev ki anviwon 38,5 degre oubyen tou yon fyev ak grip o yon lot tip de viris.

bottom of page